Kisa ki Ankouraje?

Ankouraje se yon platfòm pataj videyo kote nenpòt moun kapab enskri pou pataje videyo li kreye. Itilizatè yo gen posibilite pou yo vizyone ak kòmante videyo sa yo sou platfòm la menm. Yo kapab pataje yo tou sou lòt rezososyo apati platfòm la. Itilizatè yo gen aksè ak yon ti mesajri senp ki ba yo posibilite kominike an prive. Orijinalite Ankouraje se ke, sèl jan ou kapab "renmen" yon videyo oswa yon lòt itilizatè, se lè ou klike sou ikòn kado ki anba chak videyo ak sou chak paj itilizatè. Lè sa, ou gen posibilite pou w voye yon ankourajman nan montan ak nan fason ou vle a. Lide a se bay tout itilizatè ou renmen yon apresiyasyon reyèl pou travay yo. Montan sa yo ap rive jwenn itilizatè yo apre nou retire yon ti komisyon k ap pèmèt nou soutni epi amelyore platfòm la.

Ki videyo ou kapab pataje?

Ou kapab pataje nenpòt videyo ou kreye oswa ou gen dwa sou li e ki reponn a kèk kondisyon nou pral site pi devan. Yo kapab videyo komedi, mizik, feyton, edikatif, relijye... elatriye. Videyo sa yo pa dwe dire plis pase 180 minit e fichye a pa dwe pi gwo pase 512MB. Videyo ki poste sou Ankouraje yo dwe kapab aksesib a nenpòt kalite piblik. Kontni a dwe legal e itilizatè ki poste l la dwe gen tout dwa sou kontni a li menm, ak tout materyèl ki konstitiye l. Itilizatè a rete sèl pwopriyetè videyo ak lòt kontni li poste yo. Ankouraje p ap janm eksplwate kontni sa yo sou lòt sipò ak lòt platfòm san konsantman itilizatè a. Sepandan Ankouraje kapab itilize kontni sa yo pou fè pwomosyon platfòm la tout kote li ta jije sa nesesè.

Gen kontni ki pa akseptab sou platfòm la tankou:

Lis sa pa definitif. Menm règ sa yo valab tou pou foto ak tout lòt kalite kontni ki kapab pibliye sou platfòm la. Menm si chak itilizatè rete sèl responsab tout kontni li poste, Ankouraje ap pran tout dispozisyon pou règ sa yo respekte. Sa kapab vle di sipreme materyèl ki konsène yo, sanksyone oswa siprime kont itilizatè ki pa respekte règ yo. Itilizatè yo gen posibilite pou sinyale videyo ak kont ki vyole règ platfòm la. Yo kapab bloke kont sa yo tou.

Ki konpòtman ou dwe genyen sou platfòm la?

Tout lide ak opinyon byenvini sou platfòm la pandan Ankouraje vle favorize yon atmosfè pataj ak respè ant tout itilizatè yo. Tout konpòtman ki kapab deranje lespri sa, tankou tout kalite asèlman, pa gen plas yo sou platfòm la.

Kijan yon itilizatè kapab touche ankourajman li resevwa?

Itilizatè a dwe aktive opsyon ankourajman li vle resevwa a sou paj kont li. Li dwe aktive tou endividyèlman chak videyo li vle resevwa ankourajman pou yo. A nenpòt moman li kapab konsilte enfòmasyon sou tranzaksyon ak montan li resevwa. Montan sa yo ap peye anvan delè ki make sou paj tranzaksyon yo e nan fason itilizatè a te chwazi pou touche sou paj kont li a.

Ankouraje pa touche okenn lajan dirèkteman, se pou sa li itilize kèk sèvis peman. Li pa responsab reta ak erè sèvis peman sa yo ta kapab okazyone men l ap fè sa l kapab pou l asiste itilizatè a nan demach li si ta gen bezwen.

Kijan Ankouraje jere enfòmasyon pèsonèl?

Ankouraje sèlman kolekte enfòmasyon ki nesesè pou fonksyonman platfòm la. Sa enkli yon adrès imel epi non kanal itilizatè a. Sa enkli tou kèk done sou konpòtman itilizatè yo genyen sou sit la nan sèl objektif pou amelyore sèvis la. Itilizatè ki chwazi resevwa ankourajman yo dwe founi kèk enfòmasyon adisyonèl ki pral pèmèt yo resevwa montan yo. Ankouraje pa voye okenn imel pwomosyonèl e li pa pataje adrès imel itilizatè yo ak okenn lòt enstitisyon. Itilizatè a kapab efase kont li nenpòt ki lè e tout enfòmasyon pèsonèl ki konsène l ap efase tou, eksepte enfòmasyon ki konsène tranzaksyon finansyè yo ki dwe konsève pou rezon kontab. Ankouraje pran angajman pou l pa divilge okenn enfòmasyon prive sou okenn itilizatè si pa gen yon enjonksyon legal epi jistifye.

Enfòmasyon legal

Ankouraje priyorize dyalòg ak negosiyasyon nan tout diferan li ta kapab genyen ak yon itilizatè. Ankouraje se yon pwojè Ayisyen ki anba jiridiksyon lajistis Ayiti, espesyalman nan jiridiksyon Pòtoprens.


Kijan ou kapab kontakte Ankouraje

© Tout dwa rezève, Ankouraje, 2023